Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la.
Jan 6:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle. 1998 Haïtienne Jezi pran pen yo. Lè li fin rann Bondye gras sou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Tout moun te jwenn kantite yo te vle. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle. |
Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la.
Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.
E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a te bay remèsiman an.
“Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”
Lè l fin di sa, li te pran pen e te remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje.
Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman.
Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.”