Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 6:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 — Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 “Men yon ti gason avèk senk pen ak de ti pwason. Pou di vre, sa sa ka fè pou tout moun sa yo?”

Gade chapit la Kopi




Jan 6:9
24 Referans Kwoze  

Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.”


Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.


Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”


Wi, yo te pale kont Bondye. Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?


Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase?


lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di Li: “Douz”.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Li fè lapè anndan lizyè ou yo. Li satisfè ou ak meyè kalite ble.


Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a. Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.


yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl;


Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”


Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”


Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri.


Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”


“‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”


Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv, epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.


Epi Élisée te di: “Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ a: ‘Demen vè lè sa a, yon mezi farin fen va vann pou yon sik, e de mezi lòj pou yon sik nan pòtay Samarie a.’”


Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo.


Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo, avèk grès jenn ti mouton yo, Belye a ras Basan yo ak kabrit, Avèk ble ki pi fen yo. Nou te bwè san rezen an, diven an menm nou te bwe.


Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.


E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.


Jésus te di yo: “Pote kèk nan pwason ke nou fenk kenbe yo.”


Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite