Jan 5:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Apre bagay sa yo, te gen yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem. 1998 Haïtienne Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen. |
Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
“Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.
“Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.