Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 2:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Se konsa, Jezi moute Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, kon sa Jezi t al Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi




Jan 2:13
14 Referans Kwoze  

Sa te fè m pa kontan anpil. Konsa, mwen te jete tout bagay Tobija yo deyò chanm nan.


Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo.


Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo.


Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo,


Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.


Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.


Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.


Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.


Apre bagay sa yo, te gen yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.


Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.


“Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite