Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 16:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè mas avril la rive, se pou nou fete fèt Pak la pou Senyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, bò mas avril, Senyè a, Bondye nou an, te fè nou kite Lejip.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 16:1
16 Referans Kwoze  

Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.


Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.


Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti.


Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.


Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.


“Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.


Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.


“‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a.


Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.


Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.


Apre bagay sa yo, te gen yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.


Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.


Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite