Jan 18:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè. 1998 Haïtienne Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè. |
Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.
Kite sila yo vin wont e imilye ansanm, sila ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite sila yo vire fè bak e dezonore, sila ki pran plezi nan fè m mal yo.
Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.” Li te di yo: “Mwen menm se Li”. Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo.