Bib sou entènèt

- Piblisite -

Sòm 129 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:

2 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.

3 Labourè yo te laboure chan yo sou do m. Yo fè tranch tè yo vin pi long.”

4 SENYÈ a dwat. Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.

5 Ke tout sila ki rayi Sion yo vin wont! Ke yo retounen fè bak menm.

6 Kite yo vin tankou zèb sou kay la; zèb ki fennen avan li grandi,

7 jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l, oubyen sila ki mare pote pake a, pa p ka plen lestomak li.

8 Ni sila ki pase yo, p ap di: “Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou. Nou beni ou nan non SENYÈ a.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite