Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 18:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.” Li te di yo: “Mwen menm se Li”. Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo reponn li: — Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: — Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l la, te la avèk yo.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.” Li di yo: “Se mwen menm.” Jida ki t ap trayi l la te avèk yo.

Gade chapit la



Jan 18:5
8 Referans Kwoze  

Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.


Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.


Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.


Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.


Nathanaël te di l “Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”


Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”


Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.


Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”