Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 19:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: Jezi, moun nazarèt, wa Jwif yo.

Gade chapit la Kopi




Jan 19:19
14 Referans Kwoze  

Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.


Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.


Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.


Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.


Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.


Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”


Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo.”


Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”


Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la. Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”


Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri ‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’


Yo t ap repete pawòl: “Sali, Wa Jwif Yo!” epi t ap bay Li kou nan figi li.


“Alò mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la.


Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite