Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 11:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l la.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete.

Gade chapit la



Jan 11:1
15 Referans Kwoze  

Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li.


Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.


Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo.


Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”


Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.


Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.


Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”


Konsa, pèp la ki te avè L lè Li te rele Lazare deyò nan tonm nan, e te fè l leve sòti nan lanmò a, t ap toujou fè temwayaj de Li.


Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare ke Li te leve sòti nan lanmò a.


Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè.