Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 11:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.

Gade chapit la Kopi




Jan 11:1
15 Referans Kwoze  

Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.


Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo.


Lè l fin pale kon sa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”


Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt konsa,


Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a.


De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”


Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li.


Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou.


Pandan Pyè te nan lavil Lida, Tabita tonbe malad epi li mouri. Moun yo benyen kadav la epi yo mete l nan yon chanm anlè nan kay la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite