Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 11:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: — Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Lè l fin pale kon sa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”

Gade chapit la Kopi




Jan 11:11
25 Referans Kwoze  

Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vrè dòmi.


Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.


Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje,


Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.


Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve.


Pou rezon sa a Li di: “Leve, sila k ap dòmi an, Leve sòti nan lanmò E Kris va klere sou ou.”


Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.


Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.” Epi yo te kòmanse ri sou Li.


Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.


Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.


Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.


Answit sila ki mouri nan Kris yo peri.


Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”


“Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.


Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an, Jacob ke M te chwazi a, desandan Abraham nan, zami Mwen an;


Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan?


SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.


Guéhazi te pase devan yo e te kouche baton an sou figi a gason an, men li pa t fè bwi, ni li pa t reponn. Konsa, li te retounen rankontre Élisée e te di li: “Gason an pa t leve.”


Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”


Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite