SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
Jan 10:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?” 1998 Haïtienne Gen lòt ki t'ap di: — Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?” |
SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.
Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.