Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 10:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Anpil jwif t'ap di: — Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sàn bezwen pèdi tan n ap koute yon nonm konsa fè?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Anpil nan Jwif yo t ap di: “Li gen yon move lespri nan tèt li ki rann li fou, pou kisa n ap koute li?”

Gade chapit la Kopi




Jan 10:20
15 Referans Kwoze  

Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”


Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.


Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’


Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”


Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!


Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”


Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.


“SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè.


Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite