Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesay li a te ka kwè.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li.

Gade chapit la



Jan 1:7
16 Referans Kwoze  

“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,


Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’”


E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”


epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a!”


Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.


Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.”


Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.


Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo.


ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.


Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun


Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.