Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Efezyen 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Li ban m privilèj sa a pou m fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l depi lontan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè.

Gade chapit la Kopi




Efezyen 3:9
38 Referans Kwoze  

Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a e sila ki te fè ou soti nan vant la: “Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay, Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen, e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;


Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.


Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: “Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl; Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”


“Epi Wa la va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.


Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.


Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.


Mwen avèk Papa a se youn.”


Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”


Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.


di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.


Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila apouke ou vin sipoze ou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre.


Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou;


Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li,


si vrèman nou te tande de jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an,


Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo.


Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.


Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone,


Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.


San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.


ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite,


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo.


Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm


Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.


Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.


Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.


“Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite