Jan 1:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 1998 Haïtienne Si Moyiz pote lalwa, se Jezikri ki pote lagras ak laverite. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris. |
Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
Ou va bay verite a Jacob ak mizerikòd a Abraham, tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo depi nan jou ansyen yo.
E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
“Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
“Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”
Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, nou pa konnen kote Li sòti.”
Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè.
“Sa se li menm ki te nan asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa pawòl vivan yo pou pase bannou.
Paske malgre fòs kantite pwomès Bondye yo kon bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.
Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.
Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon.
Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.