Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 7:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre? Men nou pa obeyi Lalwa a. Si nou obeyi Lalwa, pou kisa n ap chache touye m?”

Gade chapit la Kopi




Jan 7:19
27 Referans Kwoze  

Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.


Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.


Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.


Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou.


Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa, eritaj pou asanble Jacob la.


Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’


Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.


“Sa se li menm ki te nan asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa pawòl vivan yo pou pase bannou.


Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.


Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a?


“Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.


Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ki te fè Li vin egal avèk Bondye.


Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.


Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.


Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.


Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’


Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite