Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.
Jak 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 1998 Haïtienne Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pran konsyans lanmizè w, pran dèy, kriye, sispann ap ri, mete dlo nan je w pito, olye lajwa pito w chwazi tristès. |
Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.
Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE
Epi vyèj la va rejwi nan dans lan, ansanm ak jennonm yo ak ansyen yo; paske Mwen va fè tristès yo vin tounen lajwa. Mwen va rekonfòte yo, e bay yo kè kontan pou ranplase tristès yo.
Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”
pou ou ka sonje, vin wont, e pa janm ouvri bouch ou ankò akoz imilyasyon ou, pou lè M te padone ou pou tout sa ou te fè yo,” Senyè, BONDYE a deklare.’”
Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak nan pwòp inikite yo.
Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
“Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.
“Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
“Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou. “Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.