Neyemi 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo. Gade chapit la1998 Haïtienne9 Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neyemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt dirèktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: — Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Senyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi! Gade chapit la |