Jak 4:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche. 1998 Haïtienne Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l fè a, li fè peche. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè yon moun konnen sa ki byen pou l fè a, epi li pa fè l, sa se yon peche li komèt. |
“Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.
Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”
Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a.
Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan.