Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Lè yon moun konnen sa ki byen pou l fè a, epi li pa fè l, sa se yon peche li komèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l fè a, li fè peche.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.

Gade chapit la Kopi




Jak 4:17
9 Referans Kwoze  

Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.


Si m pa t vini epi si m pa t pale yo, yo pa t ap koupab. Men kounye a, yo pa gen okenn eskiz pou peche yo.


Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”


Yo byen konnen Lalwa Bondye a di moun k ap viv kon sa dwe mouri. Men, non sèlman yo kontinye ap aji konsa, yo aplodi moun k ap fè menm bagay sa yo tou.


Èske sa ta vle di yon bagay ki bon se lanmò li ta pote pou mwen? Pa ditou! Men peche sèvi ak yon bon kòmannman pou fè m mouri. Sa fè n konprann kijan peche se yon bagay ki tèrib toutbon. Li ka sèvi ak yon bon kòmannman pou bay yon rezilta ki montre kijan peche se yon move bagay.


Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite