Jak 2:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 1998 Haïtienne Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pat poutèt sa l te fè a Bondye te fè l gras, lè l te resevwa mesaje jwif yo, lè l te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen. |
Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?” Yo te reponn: “Premye a”. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm.
Se Jason ki resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!”
Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.
Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè.
Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.
Konsa, li te fè yo desann nan fenèt la pa yon kòd; paske lakay li a se te sou miray lavil la, kòmsi li t ap viv sou miray la.
Li te di yo: “Ale nan peyi kolin yo, pou sila k ap kouri dèyè nou yo pa twouve nou. Kache kò nou la pandan twa jou jiskaske sila k ap kouri dèyè nou yo retounen. Epi apre, nou kapab fè wout nou.”
Men fanm nan ki te deja pran mesye yo pou kache yo, te di: “Wi, mesye sa yo te vini kote mwen, men mwen pa t konnen kote yo te sòti.
Men li te vrèman mennen yo anwo galri twati kay la, pou l te kache yo nan pakèt len ke li te mete an lòd sou twati kay la.
“Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.