Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 11:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Se konfyans nan Bondye ki fè Rahab, fanm lavi lib la, pa te peri ansanm ak moun ki te dezobeyi Bondye yo. Paske li te byen akeyi espyon moun Izrayèl yo lakay li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 11:31
10 Referans Kwoze  

Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan.


Salmon e Rehab te fè Boaz. Boaz te papa Obed pa Ruth; Obed te papa Isaï.


Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo.


Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?


Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an?


Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di:


Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.


Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite