Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jozye 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: — Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.

Gade chapit la Kopi




Jozye 2:1
23 Referans Kwoze  

Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”


Joseph te sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.”


Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”


Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.


Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo.


Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan Abel-Sittim nan plèn a Moab yo.


Salmon e Rehab te fè Boaz. Boaz te papa Obed pa Ruth; Obed te papa Isaï.


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.


Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.


Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an?


Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”


Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.”


Helkath avèk teren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil.


Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.


Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.


Lakay Joseph te fè espyonaj Béthel. Alò, vil sa, avan lè te rele Luz.


Epi senk mesye ki te pase fè espyonaj nan peyi Laïs la te di a moun fanmi pa yo: “Èske nou konnen ke genyen nan kay sa yo yon efòd avèk zidòl lakay yo, avèk yon imaj taye ak yon imaj fonn? Pou sa, konsidere kisa ou ta dwe fè.”


Alò, senk mesye ki te ale fè espyonaj peyi a te pwoche, yo te antre la pou te pran imaj taye avèk efòd la ak imaj lakay yo ak imaj fonn nan, pandan prèt la te kanpe nan antre pòtay la avèk sis-san lòm ki te ame avèk zam lagè yo.


Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan teren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch teren an.” Epi yo te vin rive nan peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite