Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
Jak 2:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil? 1998 Haïtienne Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè kijan lafwa pa vo anyen si li pa mache ak fè sa ki byen? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa? |
Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?
Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa?
Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.
Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.
Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi,
Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo,
Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.