Alò, Farawon te retire bag so a nan men li. Li te mete li nan men Joseph, e li te abiye l ak rad len fen ak yon kolye lò nan kou li.
Estè 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo. 1998 Haïtienne Wa a ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pat vle wè jwif yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Alò, wa a wete bag ki te nan dwèt li a, li bay Aman l, pitit Amedata a ki soti nan fanmi Agag, yon lènmi Jwif yo. |
Alò, Farawon te retire bag so a nan men li. Li te mete li nan men Joseph, e li te abiye l ak rad len fen ak yon kolye lò nan kou li.
Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo.
Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.”
Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!” Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan.
Wa a te fin retire bag so ke li te retire nan men a Haman an e te bay li a Mardochée. Konsa, Esther te plase Mardochée sou kay Haman an.
Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.”