Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Kèk tan apre sa, wa Asyeris moute Aman grad. Li nonmen li chèf alatèt tout minis li yo. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre tout bagay sa yo fin pase, wa Asyeris te onore Aman ki se pitit Amedata. Amedata sa te soti nan ras Agag. Wa a te plase l nan plas ki pi wo pami tout lòt ofisye l yo.

Gade chapit la Kopi




Estè 3:1
15 Referans Kwoze  

Dlo yo va koule nan bokit li yo, e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.


Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufre okenn pèt.


Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite petit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.


Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo.


Men Samuel te di: “Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.


Ou va sou tout lakay mwen, e selon lòd pa ou tout pèp mwen an ap fè obeyisans. Se sèl sou twòn nan ke mwen va pi wo pase ou.”


Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.


Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.


Esther te pale ankò a wa a, te tonbe nan pye li, te kriye e te sipliye li pou evite mechanste Haman an, Agagit la, avèk konplo ke li te prepare kont Jwif yo.


Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!” Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan.


epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan—


Akoz ke ou voye pa wa a avèk sèt konseye li yo, pou mande konsèy sou Juda ak Jérusalem, selon lalwa Bondye pa ou a, ki nan men ou a,


Li te kaptire vivan Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe.


Lè tout peyi Égypte la te grangou, yo te rele fò a Farawon pou bay pen. Konsa, Farawon te di tout Ejipsyen yo: “Ale wè Joseph. Nenpòt sa li mande nou, nou va fè l.”


Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite