Estè 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.” Gade chapit la1998 Haïtienne8 Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk sò wa a sou li, lod la pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gendwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk sò mwen sou li. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil8 Kounye a, mwen ba ou otorite pou ou ekri nan non m nenpòt lòd ou panse k ap an favè Jwif yo. M ap siyen lèt la ak bag mwen. Mwen vle ou sonje tou, nenpòt lèt ki ekri sou lòd wa a epi ki sele ak bag li pa ka chanje.” Gade chapit la |
Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.