Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Epi wa a di l konsa: — Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Wa a di Aman konsa: “Ou ka kenbe lajan w lan, men ou mèt fè sa ou vle ak bann moun sa yo.”

Gade chapit la Kopi




Estè 3:11
6 Referans Kwoze  

Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.


Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”


Men pou mwen menm, se nan men nou mwen ye. Fè sa nou pito avè m jan nou wè li bon nan zye nou an.


Zye yo anfle nan mitan grès yo. Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.


Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo.


Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite