Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.
Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou.
alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a,
Li va pote bay prèt la ofrann koupabilite li a, bay SENYÈ a, yon belye san defo ki soti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite.
Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo.