2 Wa 10:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen15 Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a. Gade chapit la1998 Haïtienne15 Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l bonjou, epi li di l konsa: — Ou gen menm lide avè m? Eske w'ap mache avè m? Jonadab reponn: — Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: — Si nou dakò, ban m lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l moute sou cha lagè a bò kote l. Gade chapit la |