Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 30:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Senyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Senyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Senyè a, Bondye nou an, pou Senyè a pa fache sou nou ankò.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 30:8
30 Referans Kwoze  

Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.


SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di.


Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.


Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.


Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”


Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.


“Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.


Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.


Li te voye sou yo chalè kòlè Li, gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub, ak yon bann zanj ki pou detwi yo.


Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a, mwen te vin konprann jan yo ta fini.


Prens yo va sòti an Égypte. Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.


Yo te wè pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye, pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen, pou antre nan sanktiyè a.


Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a, ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.


Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo.


Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la.


Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.”


Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.”


Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon.


Malgre sa, SENYÈ a pa t kite chalè gran kòlè Li ki te brile kont Juda, akoz tout pwovokasyon avèk sila Manassé te pwovoke Li yo.


Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”


“Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.


“Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.


Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”


Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.


‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël;


men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’


Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite