Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, se pou li renmèt li, kit sa li te vòlò oubyen li te pran anmètdam lan, kit depo yo te ba li, kit se bagay pèdi li te jwenn lan,

Gade chapit la Kopi




Levitik 6:4
20 Referans Kwoze  

Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo te sezi a.


Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan oliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”


Paske li te oprime e abandone malere yo. Li te sezi yon kay ke li pa t bati.


Kèk retire limit bòn yo. Yo sezi e devore bann mouton yo.


Fil pa yo p ap fè rad; ni zèv yo p ap ka kouvri yo. Zèv pa yo se zèv inikite, e se zak vyolans ki rete nan men yo.


Oprime malere ak endijan, te fè vòl desepsyon an, pa remèt sa li pwomèt, epi te leve zye li a zidòl, te komèt abominasyon,


Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.


Si yon nonm pa oprime okenn moun, men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt, epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou e kouvri moun toutouni ak rad,


si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri.


Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.


Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi.


Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò.


ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile.


“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”


Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo, kay yo, e konsa yo pran yo. Yo oprimen yon nonm ak kay li, Yon nonm ak tout eritaj li.


Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.


Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Konsa, nou te pote sa ke yo te pran nan vyolans, sa ki te bwate ak sa ki te malad. Konsa menm, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a.


alò, li va konfese peche ke li te fè yo; li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite