Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 9:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Farawon an voye pran nouvèl sa k pase: li vin konnen pat gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pat vle kite pèp la ale.

Gade chapit la



Egzòd 9:7
11 Referans Kwoze  

Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?


Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, sof ke pa lafòs.


Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale.


Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e li pa t kite pèp la ale.


Men SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la.


Alò SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Pran kèk men plen avèk poud chabon ki sòti nan fou kanari yo, e kite Moïse voye li vè syèl la devan zye a Farawon.


Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd.


Akoz Mwen konnen ke tèt ou di, kou ou tankou ba fè, e fwontèn ou tankou bwonz;


Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l.


Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.