Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 8:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e li pa t kite pèp la ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Men, menm jou sa a, farawon an fè tèt di ankò, li pat vle kite pèp la ale.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 8:32
11 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.


Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


SENYÈ a te fè jan Moïse te mande a, Li te fè desant gwo mouch yo vin disparèt sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a. Pa t gen youn ki te rete.


Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”


Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale.


Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo? E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou? Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Poukisa nou fè kè di tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite