Egzòd 27:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Ou va fè galeri tabènak la. Nan kote sid la ap gen twal fen blan k ap pandye, byen tòde e san koude nan longè pou yon bò. 1998 Haïtienne W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a. |
Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.
Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz.
Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li!
Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis. Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
Pilye li yo va kontwole ven, avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk pilye yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
episa k ap pann sou galeri yo, avèk pilye li yo, baz reseptikal yo, ak rido pòtay la;
Anplis, li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te plis pa deyò nan premye ansanm nan, e li te fè senkant lasèt sou kote nan rido ki te plis deyò nan dezyèm ansanm nan.
afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an;
Li te monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la.
Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure pòtay la.
Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.
Lakou enteryè a te gen yon pòtay anfas pòtay nan nò a, menm jan ak pòtay nan lès la. Li te mezire san koude soti nan yon pòtay a yon pòtay.
Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la selon menm mezi yo.
Li te mennen m nan lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo.
Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò.
Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo.
bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo.
bagay pandye ki sou galeri a, rido a ki pou pòtay galeri a ki antoure tabènak la avèk lotèl la, kòd pa yo avèk tout bagay ki pou sèvis la; epi tout sa ki gen pou fèt, se yo ki pou fè l. Yo va sèvi andedan.
pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo.