Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 92:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis. Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 (14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Senyè a, y'ap pouse bèl branch nan Tanp Bondye nou an.

Gade chapit la Kopi




Sòm 92:13
14 Referans Kwoze  

Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz.


Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.


Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li!


Nan lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm, O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!


nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a, nan lakou lakay SENYÈ nou an!


Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; siwo myèl ak lèt anba lang ou. Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.


Janm li se pilye fèt an mèb blan, plase sou yon baz lò san tach; aparans li tankou chwa Liban an, kon pi bèl bwa sèd li.


Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.


pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.


Mwen va tankou Lawouze pou Israël; li va fleri kon flè lis, e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.


Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la,


Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou.


Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,


Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite