Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 100:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!

Gade chapit la Kopi




Sòm 100:4
17 Referans Kwoze  

Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.


Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile. Mwen va peye Ou ve mwen yo,


Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.


Chante a SENYÈ a! Beni non Li! Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.


Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.


Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion. Ve yo va fèt anvè Ou.


Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.


Bay a SENYÈ a glwa a non Li. Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.


Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye; Se sen ke Li ye.


Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!


sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo, yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite