Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 100 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm Remèsiman an

1 Rele fò a SENYÈ tout latè a!

2 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan! Vini devan Li avèk chan lajwa.

3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li!

5 Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite