Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo.
Egzòd 22:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa. 1998 Haïtienne M'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou. |
Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo.
Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen. Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen. Mwen te fè parèt kont yo; kont manman a yon jennonm, yon destriktè a midi. Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.
Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
“Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou.
Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.
“Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
Nou kapab tire enterè sou yon etranje; men pou sitwayen parèy nou, nou pa pou mande enterè, jis pou SENYÈ, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout sa ke nou eseye fè nan peyi ke nou prèt pou antre posede a.
Lè nou fè yon ve a SENYÈ a, Bondye nou an, nou p ap pran reta pou peye li, paske sa ta yon peche nan ou, e SENYÈ, Bondye nou an, va, anverite, egzije l nan men nou.