Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
Egzòd 18:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lòt la te nonmen Eliézer, paske li te di: “Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.” 1998 Haïtienne Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon Farawon an. Se sa ki fè li rele lòt la Elyezè. |
Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite.
Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen, epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
Alò, Farawon te di li: “Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.”
Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.
Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
“Akoz pawòl sila a Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.
Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.