Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 18:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 ansanm avèk de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 ansanm ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t'ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 18:3
8 Referans Kwoze  

Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”


“Akoz pawòl sila a Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.


Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.


Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.


Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.


Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.


Fis a Dan yo te fè monte pou kont yo, menm imaj taye a; epi Jonathan, fis a Guerschom lan, fis a Manassé a, li menm avèk fis li yo te prèt pou tribi Danit la jis rive jou ke peyi a te vin pran an kaptivite a.


Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite