1 Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
1 (2) Ala renmen mwen renmen ou, Senyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.
SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen. Li te vin sali mwen.
Bondye ki mare senti m ak fòs, epi fè chemen mwen san fot la?
Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l.
“Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon.
Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,
Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo;
Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.