Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.
Egzòd 15:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fon yo kouvri yo. Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch. 1998 Haïtienne Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou wòch. |
Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.
Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon ki te antre nan lanmè a dèyè yo. Pa t menm gen youn nan yo ki te rete.
Ou te soufle avèk van Ou. Lanmè a te vin kouvri yo. Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo
Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.
Alò, nan moman an, lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo, nan fon dlo yo, machandiz ou ak tout twoup ou yo te tonbe pami ou.
Li te di: “Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a, e Li te reponn mwen. Mwen te kriye pou sekou depi nan pwofondè sejou mò yo. Ou te tande vwa mwen.
Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò.