Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 15:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Senyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Senyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!

Gade chapit la Kopi




Egzòd 15:6
27 Referans Kwoze  

Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.


Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.”


Se kilès ki Wa a glwa a? SENYÈ fò e pwisan an, SENYÈ a pwisan nan batay la.


Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.


Se Ou menm ki Wa m, O Bondye. Òdone viktwa pou Jacob.


Pou byeneme Ou yo kab delivre, Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!


Poukisa Ou retire men Ou? Sitou men dwat Ou? Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!


Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”


Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.


O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.


Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


Ou te lonje men dwat Ou; Lanmè a te vale yo.


Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.


Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan SENYÈ a te delivre yo.


“Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale.


SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”


Lè l vin kraze, l ap tankou po a mèt kanari a, ki tèlman kraze ak vyolans ke yon mòso cha p ap ka twouve pami mòso yo, ki ta ka menm pote dife sòti nan founo a, oswa kenbe dlo ki sòti nan sitèn nan.”


“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?


SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.


Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la? Ki te divize dlo yo devan yo pou fè pou pwòp tèt Li yon non ki ta dire pou tout tan?


Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Li va gouvène yo avèk yon baton fè, tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan;


Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite