Egzòd 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a se yon gèrye; Se SENYÈ yo rele L. 1998 Haïtienne Senyè a, se yon vanyan sòlda. Se Senyè yo rele l. |
Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”
Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.
SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
“Mwen se SENYÈ a. Sa se non Mwen. Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt, ni lwanj Mwen a imaj taye.
“Konsa pale SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li.