Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 83:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 (19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Senyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 83:18
21 Referans Kwoze  

Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”


Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”


Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”


Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo. Pi Pwisan an te fè vwa l sone: wòch lagrèl yo avèk chabon dife.


Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.


Detwi yo nan kòlè Ou! Detwi yo pou yo disparèt nèt. Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob, jis rive sou tout latè. Tan


Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan


Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.


Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.


Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.


Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.


“Mwen se SENYÈ a. Sa se non Mwen. Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt, ni lwanj Mwen a imaj taye.


Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.


Paske mari ou se Kreyatè ou a; yo rele L SENYÈ dèzame yo. Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. Yo rele Li Bondye a tout latè a.


“Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen, fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen. Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”


Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”


Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.


Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk a va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”


Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an! Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, e zago ou kon yon zago an bwonz. Ou va bat an mòso anpil pèp, pou ou kapab konsakre a SENYÈ a tout richès enjis pa yo, ke nou ranmase ak tout byen pa yo, bay SENYÈ tout latè a.


Li te di: “Sa yo se de moun onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite