Egzòd 12:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pran ni bann mouton nou yo, ni twoupo nou yo, jan nou te di a, epi ale. Konsa, beni mwen tou!” 1998 Haïtienne Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l la. Epi mande Bondye pou l beni mwen. |
Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Konsa, Ésaü te leve vwa l e te kriye.
pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo.
Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm youn zago k ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.”
Moïse te di: “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.”
Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. Priye pou Mwen.”
Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”