Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 12:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Epi li te rele Moïse avèk Aaron nan nwit lan. Li te di yo: “Leve e kite pèp mwen an, ni nou menm, ni fis Israël yo. Ale adore SENYÈ a, jan nou te di a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: — Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Senyè a jan nou te di a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 12:31
12 Referans Kwoze  

Égypte te kontan lè yo te sòti, paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.


Moïse te di: “Ou gen rezon; Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!”


Moïse te di: “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.”


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt.


“‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.


Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm.


SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”


Farawon te rele Moïse avèk Aaron. Li te di: “Ale fè sakrifis a Bondye nou an pa anndan peyi a.”


Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”


Poukisa nou fè kè di tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite